To: Kreyatè règleman yo

Manifès Solidarite Global COVID-19

Petition Text

Kriz COVID-19 la ap devwale ijans pou chanje strikti inegalite ak vyolans global. Nou menm, moun ki soti nan tout peyi, ava sezi moman istorik sa a. N ap konstwi solidarite a chak nivo: lokal, nasyonal, global. Malgre bezwen kenbe distans youn ak lòt, n ap bati gwoup èd resipwòk, rezo kominotè, epi mouvman sosyal. Jodiya nou deklare manifès sila pou nou imajinen lemonn n ap bati a, lemonn nou mande a, lemonn nou pral reyalize.

1. Nou mande sistèm sante inivèsèl wobis avèk swen sante kòm yon dwa fondamantal pou tout moun.
2. Nou mande tout konfli lagè k ap pase sou latè fè yon pòz imedyat, fè maladi lagè fini! Nou mande tout nasyon transfere omwen yon mwatye bidjè militè li a bidjè swen sante, lojman, swen timoun, nitrisyon, edikasyon, aksè Entènèt la, avèk lòt bezwen sosyal, pou nou garanti vrèman sekirite fizik, sikolojik, ak ekonomik. Se pou nou fèmen baz militè etranje, tèmine egzèsis militè, epi aboli zam nikleyè.
3. Nou mande pou ekonomi kapitalis la, ki pa dirab, ki baze sou ilizyon kwasans san limit, ap ranplase ak yon ekonomi baze sou koperasyon ak swen. Se pou nou konsève lavi imèn, divèsite biyolojik, ak resous natirèl yo; pou nou garanti revni bazik; epi pou tout gouvènman travay ansanm pou reziste menas egzistansyèl chanjman klimatik.
4. Nou mande tout eta leve tout sanksyon kont lòt eta. Sanksyon sa yo jete popilasyon vilnerab nan mizè, epi yo konn bloke aksè a medikaman avèk materyo medikal. Se konsa sanksyon yo touye moun.
5. Nou mande pwoteksyon pou tout travayè ak travayèz kont COVID-19. Asire e pwolonje dwa okipasyonèl yo nan domèn sante, ekonomi, travay.
6. Nou mande pwoteksyon plen pou tout moun, espesyalman sa yo ki pi vilnerab: fanm, viktim vyolans kont patnè entim ak vyolans kont timoun, granmoun, moun nan mizè, prizonye, refijye ak lòt moun deplase, migran andepi stati imigrasyon yo, moun san kay, moun LGBTQIA+, minorite rasyal osnon etnik, moun endijèn, moun andikape, pami lòt.
7. Nou mande peyi rich asepte responsabilite pa yo pou bay èd medikal (ki gen ladan tou èd pou Òganizasyon Mondyal Sante) avèk anilasyon dèt pou sove lavi nan peyi ki manke bon sistèm sante piblik akòz istwa kolonyalis, neyokolonyalis, avèk lòt kalite esplwatasyon, etranje ak domestik.
8. Nou mande gouvènman e kòporasyon respekte vi prive. Pa esplwate pandemi a pou agrandi mezi represif, tankou siveyans ak retni san pwosè. Pa fè restriksyon sou dwa zimen fondamantal kòm rasanble, espresyon lib, dwa moun dispoze tèt yo, epi vòt la.
9. Lè gouvènman yo tabli pwogram estimilis ekonomik e louvri ekonomi yo ankò, nou mande yo bay bezwen moun plis priyorite pase enterè lelit kòporasyon, finans, ak politik.

Lemonn pa nou, kot yon espas obsèn separe rich ak pòv, kot 1% sou tèt ekonomi a gen de fwa richès pase 6.9 milya moun ki anba a, yon redistribisyon fondamantal richès ak pouvwa ni globalman ni andan nasyon yo ap ijan. Tout kretyen vivan dwe genyen opòtinite pase yon vi gaya, kreyatif, e kontan, san ravaj lamizè, esplwatasyon, ak dominasyon.

Plis enfòmasyon ak kontak: https://www.covidglobalsolidarity.org/

Why is this important?

Kriz COVID-19 la ap devwale ijans pou chanje strikti inegalite ak vyolans global. Nou menm, moun ki soti nan tout peyi, ava sezi moman istorik sa a. N ap konstwi solidarite a chak nivo: lokal, nasyonal, global.